Enskri kounye a

Kwiz Lang ak Kilti Kreyòl

Nan okazyon 222èm fèt drapo an, platfòm Langkreyolla ap òganize yon kwiz sou lang ak Kilti Kreyòl la (mo, pwovèb, nosyon, konesans jeneral sou lang Kreyòl la, elatriye). Kwiz sa a, ap fèt nan jounen ki ap 18 me 2025 lan e l ap dire anviwon 1èd tan. Pou rezon sa a, tout moun dwe enskri avan 10 me 2025
Enskripsyon an GRATIS (jis ranpli fòmilè an pouw enskri). Gayan an ap soti ak 10,000 Goud pandan ke 2èm nan ap soti limenm ak 5,000 Goud. 3èm gayan an ap kontante l de 3,000 goud (pèman yo ap fèt pa moncash). Pou tout kesyon ou genyen ki konsène kwiz la, ou kapab ekri nou nan kontak@langkreyolla.com.